Tout sa w dwe konnen pou w fil tax ou poukont ou
About Course
Tout sa w dwe konnen pou w fil tax ou poukont ou se yon fomasyon gratis an ki fèt pou ede w konprann kijan sistèm tax la fonksyone Ozetazini, epi kijan pou w prepare epi ranpli deklarasyon tax ou pa w la ak plis konfyans.
Nan fomasyon sa a, w ap aprann etap pa etap ki dokiman ou bezwen rasanble, kijan pou w idantifye filing status ou, kijan pou w verifye revni ou, epi kijan pou w konprann dediksyon ak kredi ki ka aplike nan sitiyasyon pa w. W ap aprann tou diferans ki genyen ant W-2, 1099, dependents, tax credits, refund, ak kantite lajan ou ka dwe IRS la.
Fomasyon an fèt nan yon langaj senp, klè, epi pratik, pou menm yon debutan ka suiv li san pwoblèm. Objektif la se pa sèlman montre w kijan pou w fil tax ou, men tou ede w evite erè ki konn fèt souvan lè moun ap prepare tax poukont yo.
Se yon bon fomasyon pou moun ki vle ekonomize lajan, konprann pwòp dosye fiskal yo pi byen, epi pran plis kontwòl sou sitiyasyon finansye yo.