Aprann fe aplikasyon AZIL de fason pwofesyonel
About Course
Aprann fè aplikasyon AZIL de fason pwofesyonèl: teyori ak pratik
Kou sa a fèt pou ede w konprann epi metrize fason pou prepare yon dosye azil ak plis presizyon, plis òganizasyon, ak plis pwofesyonalis. Li ap pèmèt ou aprann etap pa etap kijan pou ranmase enfòmasyon kliyan an, kijan pou analize istwa pèsekisyon an, kijan pou ranpli fòm ki nesesè yo, epi kijan pou prepare yon aplikasyon ki byen òdone e ki gen sans.
Nan kou sa a, w ap aprann baz legal azil la, kondisyon pou yon moun kalifye, diferans ki genyen ant diferan kalite pwoteksyon, ak erè ki fèt pi souvan lè moun ap prepare dosye azil. W ap wè tou kijan pou poze bon kesyon pou w jwenn bon enfòmasyon yo, kijan pou ede kliyan an rakonte istwa li ak plis klète, epi kijan pou mete prèv yo ansanm nan yon fason ki pwofesyonèl.
Kou a ap montre w tou kijan pou:
- konprann eleman enpòtan nan yon ka azil,
- prepare deklarasyon kliyan an,
- òganize dokiman sipò yo,
- evite kontradiksyon nan dosye a,
- epi prezante aplikasyon an ak plis kalite.
Course Content
Metrize teyori ak eksplikasyon Azil Ozetazini
-
les 3
02:53 -
les 4
00:00